Demokrasi Ateri - Mr Dieury Dumas - Books - Createspace - 9781511891882 - July 22, 2015
In case cover and title do not match, the title is correct

Demokrasi Ateri

Price
HK$ 186
excl. VAT

Ordered from remote warehouse

Expected to be ready for shipping Aug 12 - 24
Get notified about new Mr Dieury Dumas releases
Add to your iMusic wish list

Not rated yet

Publisher Marketing: 30 an apre 1986, nou dwe rann nou kont ke rezon ki rann Ayiti nan eta sa a. Se paske DEMOKRASI pa janm ATERI nan lespri, kilti ak konpreyansyon mas popilasyon an. Popilasyon an bezwen yon liv tankou: LABIB, KOD WOUT, 10 KOMANDMAN... pou aprann pep la sa ki rele Demokrasi a byen. Nan Konstitisyon peyi a yo te mete pou yo aprann popilasyon an sa ki rele Demokrasi a, yo pat janm fe sa a. Yo pa mete popilasyon an nan yon lekol demokrasi. Epi yo vle pou popilasyon an pa; kraze, boule, mal vote, mal fonksyone... Popilasyon an pa konnen anyen nan leta ki chita sou lalwa, dwa moun, pouvwa jidisye, pouvwa lejislatif, pouvwa egzekitif, gouvenman... Mwen ekri liv sa a, pou tout 192 pati politik yo, tout popilasyon an, moun anwo, moun anba, fi kou gason. Mwen pa fe diskirminasyon, ni preferans ak lot move pretansyon ki lakoz peyi a nan eta li ye la. Mwen ekri liv la, se pa pou avanse pwoje pesonel pa m, men se pou ede moun ki pa konnen, yo pa edike. Tout moun ki pat gen chans jwenn enfomasyon sa yo tankou mwen. Mwen pa vle kache enfomasyon sa yo tankou anpil moun fe, pou kenbe pep la nan fenwa, mize, ignorans, sou devlopman... Liv sa a se yon zouti pou enplante Demokrasi nan peyi a. Kidonk mwen envite nou li liv la, epi pataje sa nou jwenn ak tout lot nou jwenn sou wout nou. Pa manke pote apo nou ak bon konprann nou nan travay sa a. Liv la pale sou Demokrasi, Eleksyon, Politik. Se yon liv edikatif, pour aprann popilasyon an sa ki nan vant koze sa yo. Pou popilasyon an sispann aji mal, panse nenpot koman. Mwen fe yon analyz syantifik, sosyolojik, ak kiltirel pou konprann pwoblem peyi. E pou eseye pote bon solisyon an. Liv la genyen egzesis demokratik ladan l, pou ede popilasyon pi byen nan tranzisyon demokratik ki pa vle fini an . VIV AYITI, VIV DEMOKRASI ATERI. Mwen ekri liv la pou plis pase 192 pati politik ki nan peyi ak tout res pep la alawonnbade. Mwen pa kont yon grenn ayisyen oubyen yon grenn ayisyen. Menm le, liv la ap pale sa ki pabon lakay fre ak se m yo, se pa kont mwen kont yo. Le yon ayisyen, yon ayisyen ap soufri se tout ayisyen ak ayisyen k ap soufri, se pou nou konnen sa a byen. Pwoblem tout ayisyen ak aysisyen se pwoblem mwen, tanpri konprann mwen. Ayiti se pou nou, se nou ki pou bati li. E nou dwe komanse pa bati chak grenn moun ak bon edikasyon sou DEMOKRASI, POLITIK, ELEKSYON... Liv la pa pafe, men li nesese pou tout moun nan ayisyen ak ayisyen ki vivan pou sove peyi a. VIV AYITI, VIV DEMOKRASI ATERI. Se pa fot anpil moun, ki fe yo ap; kraze vit machin, boule kawotchou, vole lajan leta, pa fe eleksyon, vann pouvwa palmante yo, pa janm etidye politik epi poze kandidati yo pou prezidan, se konnen yo pa konnen. Men se yon wont li devni pou yo ak peyi a devan lot pep sou late. Nou devni yon pep san fwa ni lwa, san respe pou reg ak prensip, san responsabilite, san moral ak etik. VIV AYITI CHERI, E VIV DEMOKRASI ATERI."

Media Books     Paperback Book   (Book with soft cover and glued back)
Released July 22, 2015
ISBN13 9781511891882
Publishers Createspace
Pages 232
Dimensions 152 × 229 × 12 mm   ·   317 g